Marigot 360

Call Contact the museum

Marigot 360 Marigot 360* se yon espas ki la pou vann marigot. An memm tan nou la pou denonse ,gade tout moun nan zye .

Bay marigot yon vwa ,valorize kilti nou ,istwa nou ak potansyèl nou .Ankouraje refleksyon e respekte opinion chak moun .

ANN CHÈCHE KANDIDA YO ANSANM!Marigot ap antre nan yon lòt etap. Men anvan nou pale de pwogram, pwomès ak vizyon, èske no...
09/23/2026

ANN CHÈCHE KANDIDA YO ANSANM!

Marigot ap antre nan yon lòt etap. Men anvan nou pale de pwogram, pwomès ak vizyon, èske nou menm konnen tout moun ki vle reprezante nou yo?

Ki kandida pou Majistra ak Depite nou deja konnen nan komin Marigot?

Ekri non yo nan kòmantè yo.
Ann idantifye yo ansanm, ann konnen kiyès yo ye, epi ann kòmanse suiv sa yo pwopoze pou Marigot.

MARIGOT AP GEN PLIS KANDIDA PASE votan!Jodi a, depi yon moun jwenn yon pati, li deja wè tèt li kòm kandida. Men lè ou ma...
09/23/2026

MARIGOT AP GEN PLIS KANDIDA PASE votan!

Jodi a, depi yon moun jwenn yon pati, li deja wè tèt li kòm kandida. Men lè ou mande l ki konviksyon politik li, ki vizyon li, ki pwogram li genyen pou Marigot, repons lan souvan pa la.

Nou pa bezwen moun ki sèlman anvi jwenn yon pòs. Nou bezwen moun ki konnen poukisa yo vle pòs la, sa yo pral fè avèk li, epi kijan sa pral chanje lavi kominote a.

Paske yon kandida san vizyon se jis yon non sou yon bilten.
Marigot pa bezwen moun k ap kouri dèyè chèz; Marigot bezwen moun k ap kouri dèyè solisyon.Davidson PierreMike Diy LabPablo Mafreo HTGardy Peredo GarraudLuckson NoëlInfo M.SoninkeJohn Francy NozilBizarro226Cassou Promo PirèdLeonaldo Robben-vansBiko L'homme SageBryana PierreJdavecinematicai BackupJefri Bow Brea

ESKE N AP KITE KOUP SENDOMINIK LA KRAZE?Nou konprann konfyans ki te genyen ant Komite a ak ekip yo pa menm jan ankò. Men...
09/21/2026

ESKE N AP KITE KOUP SENDOMINIK LA KRAZE?

Nou konprann konfyans ki te genyen ant Komite a ak ekip yo pa menm jan ankò. Men sa pa dwe yon rezon pou nou kite yon bagay ki gen anpil valè pou kominote a tonbe.

Nou kwè yon antant ant ekip yo, Komite a ak tout moun ki konsène yo kapab toujou jwenn yon solisyon. Se pa sèlman yon chanpyona; se yon pati nan animasyon, solidarite ak fyète kominote a.

Men pandan n ap mande tout moun chita pou jwenn yon antant, li enpòtan tou pou nou mete limyè sou sa Komite a di ki te pase.

Dapre Komite a, men kèk nan moun/antite yo te kontakte pou sipò oswa sponsorship, men ki, selon Komite a, te bay espwa san sipò yo te espere a:

Lameri
René Dano
Deus Deroneth
Ketel Jean-Philip
René Monplaisir
Les Lambert

Nou pa prezante sa kòm yon verite final sou moun sa yo; se pozisyon/eksplikasyon Komite a. Si gen lòt vèsyon oswa eksplikasyon, li enpòtan pou yo tande yo tou.

Men yon bagay rete klè,Koup Sendominik la pa dwe vin viktim dezakò, pwomès oswa pwoblèm finansman.

Marigot 360 mande Komite a ak ekip yo chita ansanm, pale klè, mete diferans yo sou kote epi chèche yon solisyon.

Koup Sendominik la se pou kominote a. Ann pa kite l mouri nan silans. ⚽Davidson PierreMike Diy LabMarigot 360Pablo Mafreo HTRaphael WidlainDood Doodny LaguerreJohn Francy Nozil@

09/20/2026
Katèl majistra , 1 KOMIN — KISA NOU KA DI?Depi yo pran direksyon komin nan, èske nou wè travay yo rive jwenn nou vre? 👀È...
09/19/2026

Katèl majistra , 1 KOMIN — KISA NOU KA DI?

Depi yo pran direksyon komin nan, èske nou wè travay yo rive jwenn nou vre? 👀

Èske gen chanjman konkrè nou ka montre?
Ki pwojè ki fèt?
Ki kote nou wè envestisman lajan komin nan?
Ki sa ki chanje pou popilasyon an?

Oswa èske se menm bagay yo k ap repete toujou , anpil pwomès, anpil tan ap pase, men rezilta yo difisil pou wè?

Nou vle tande vwa nou!

Pa defann pèsonn. Pa atake pèsonn.
Di sa ou wè. Di sa ou viv. Di sa ou panse.

Nan je nou, ki bilan katèl majistra sa yo nan tèt komin nan?

09/19/2026

Eske nou ka konsidere jwè sa youn nan pi gwo jwè championa vakans nan sidès pou ane a .
Bay opinion’w?

1) Li avan ou komante 2) abone pataje like si ou pa abone ak pag la ou pa like ou pap genyen prim nan 3) wap di kiyes ka...
09/19/2026

1) Li avan ou komante
2) abone pataje like si ou pa abone ak pag la ou pa like ou pap genyen prim nan
3) wap di kiyes kap premye bitè a
4) konbyen gòl total kap genyen nan match la
5) Respekte sa mwen mande yo pou envite diskisyon
6) pataje post la nan 5 gwoup .Davidson Pierre

09/19/2026

Nap fè yon bèt 2 ekip pou demen !!

50$ moun ki genyen

Yon ekip anglete youn espay .

Ede’m chwazi !!!

Men avan nou lage nou bezwen 50 komantè 50 share !!!

⚽ KENNY QUETANT — YON NOUVO GRENADYE NAN FANMI AN! 🇭🇹Gen yon nouvo non ki pral fè pale de li nan foutbòl ayisyen an: Ken...
09/18/2026

⚽ KENNY QUETANT — YON NOUVO GRENADYE NAN FANMI AN! 🇭🇹

Gen yon nouvo non ki pral fè pale de li nan foutbòl ayisyen an: Kenny Emmanuel Quetant.

Li fèt 17 jiyè 2006 nan Pari, Lafrans, e li jwe kòm atakan. Li te grandi nan foutbòl franse, li te pase nan akademi Torcy, avan li antre nan akademi Le Havre AC, kote li monte jiska ekip pwofesyonèl la.

Nan sezon 2025-2026, Kenny te fè premye eksperyans li nan Ligue 1 avèk Le Havre, kote li te jwe 9 match epi make 1 gòl. Apre pwogresyon sa a, li kite Lafrans pou l rantre nan SV Werder Bremen nan Almay pou sezon 2026-2027 la.

Malgre li fèt an Frans, Kenny gen orijin ayisyen, e li fèk resevwa premye konvokasyon li ak seleksyon nasyonal Ayiti anba nouvo antrenè David Badia. Li se youn nan nouvo figi ki antre nan lis Grenadye yo pou Lig Nasyon Concacaf la.

Se yon jèn jwè k ap konstwi yon karyè nan foutbòl Ewopeyen an, epi kounye a li pote talan li, eksperyans li ak anbisyon li pou mete yo nan sèvis Ayiti. 🇭🇹❤️💙

Byenveni nan fanmi Grenadye yo, Kenny Quetant! 🇭🇹🔥

Nou swete w anpil siksè, anpil gòl, epi sitou… fè drapo a fyè! 🇭🇹⚽Davidson PierreMike Diy LabGardy Peredo GarraudInfo M.SoninkeRaphael WidlainLeonaldo Robben-vansDood Doodny LaguerreJohn Francy NozilBryana PierreMarigot 360Pablo Mafreo HTLuckson NoëlCassou Promo PirèdBizarro226@

David Badia konvoke 24 jwè pou Concacaf Nations League la. Lè nou konpare lis sa a ak 26 jwè ki te nan Mondyal la, gen 1...
09/18/2026

David Badia konvoke 24 jwè pou Concacaf Nations League la. Lè nou konpare lis sa a ak 26 jwè ki te nan Mondyal la, gen 19 jwè ki rete nan gwoup la.

Gen 2 gwo non ki pa la ankò paske yo ofisyèlman pran retrèt yo nan seleksyon an: J***y Placide ak Ricardo Adé.

5 jwè ki te nan Mondyal la pa sou nouvo lis la:
• Keeto Thermoncy
• Wilguens Paugain
• Derrick Etienne Jr.
• Duckens Nazon
• Lenny Joseph ( blese )

An menm tan, gen 5 non ki antre nan lis la konpare ak Mondyal la. Men se pa tout ki nouvo nan seleksyon an:

🔄 Retounen: François Dulysse, Fafà Picault ak Dany Jean
⬆️ Soti nan U20 pou antre nan gwoup senior la: Jonah Mednard
🆕 Premye konvokasyon senior: Kenny Quétant

Kisa nou panse de lis sa ?

Address

New York, NY

Telephone

+13479878962

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Marigot 360 posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Museum

Send a message to Marigot 360:

Shortcuts

Share