18/07/2026
Lkare, Nan rit tanbou w ap frape depi 2016 la, ou ekri istwa atelye Top Akabi a ak chak grenn son ki soti anba men w. Ou se powĂšt ki konn fĂš mo danse, komedyen ki konn bay lavi koulĂš nan je nou. Jodi a, se pa sĂšlman yon dat sou kalandriye, se selebrasyon yon nanm ki pote kilti nou nan san l. Mwen swete w yon bĂČn fĂšt ki chaje ak limyĂš, ak enspirasyon ki pa janm fini, epi ak tout fĂČs ritm tanbou a ki kontinye fĂš kĂš n bat ansanm. Rete solid, rete powĂšt, rete Lkare.