Marigot 360

Marigot 360 Marigot 360* se yon espas ki la pou vann marigot. An memm tan nou la pou denonse ,gade tout moun nan zye .

Bay marigot yon vwa ,valorize kilti nou ,istwa nou ak potansyèl nou .Ankouraje refleksyon e respekte opinion chak moun .

SEkIRITE• STABILITE • ONÈTETE • PWOKSIMITE • ANGAJMANSe bèl pawòl ki sou afich kandida a.si pandan 10 an kòm majistra li...
09/02/2026

SEkIRITE• STABILITE • ONÈTETE • PWOKSIMITE • ANGAJMAN

Se bèl pawòl ki sou afich kandida a.

si pandan 10 an kòm majistra li pa rive demontre rezilta klè sou prensip sa yo nan komin nan, kisa ki fè nou kwè l ap fè yo lè l vin depite?

Nou pa dwe vote sou bèl slogan.
Nou dwe vote sou bilan, rezilta ak kapasite.

Lè aksyon pa mache ak pawòl, se pa pwomès nou dwe kwè se bilan an nou dwe gade.

Mike Diy LabEdwish RenéTI ZO LE SpécimenWatson G
Radio Television CaraibesDavidson PierreSonlaria Mahotiere

RENÉ DANEAU : 10 AN NAN TÈT KOMIN MARIGOT — KI BILAN NOU KA FÈ?René Daneau, ansyen majistra Komin Marigot, pase 10 an, s...
09/02/2026

RENÉ DANEAU : 10 AN NAN TÈT KOMIN MARIGOT — KI BILAN NOU KA FÈ?

René Daneau, ansyen majistra Komin Marigot, pase 10 an, soti 2016 rive 2026, nan tèt komin nan kòm premye sitwayen vil la.

Apre 10 ane sa yo, li enpòtan pou nou poze kèk kesyon senp, san rayisman, san ipokrizi, men ak responsabilite.

Ki sa 10 ane sa yo kite kòm eritaj pou devlopman kolektivite a?

Eske pwoblèm dlo potab la rezoud?

Eske pwoblèm wout ki kraze yo rezoud?

Eske pwoblèm fatra ak ijyèn nan komin nan rezoud?

Eske pwoblèm rivyè k ap detwi jaden peyizan yo jwenn yon solisyon dirab?

Finalman, ki gwo reyalizasyon nou ka site pou nou di:
Wi, travay sa yo merite pou nou ba li vòt nou ankò”?

Epi gen yon lòt kesyon nou dwe poze tèt nou:

Eske politik lakay nou rive nan yon pwen kote, plis yon moun echwe, se plis li vin gen chans monte pi wo?

Jodi a, René Daneau ap kandida pou pòs depite.

Men kesyon an senp:

Sou ki bilan li kanpe?

Ki objektif li genyen?

Ki sa li pral fè diferan kòm depite?

Popilasyon Marigot, se devwa nou pou nou vote, men vòt nou se yon gwo responsabilite.

Nou pa dwe vote sèlman paske se yon moun nou konnen, paske se fanmi, zanmi oswa pati.

Ann vote ak tèt nou. Ann egzamine bilan an. Ann poze kesyon yo. Ann mande kandida yo sa yo pral fè pou kominote a. Junior FécuMarigot 360Naldo promoMauricio Bodler Morisset JacmelSonlaria MahotierePablo Mafreo HTMike Diy LabHéctor Isaias FelizTI ZO LE SpécimenMarc Cenard NoncentEtzer SanonAlways ThereTucker Reacts

Yon popilasyon k ap soufri pandan plizyè lanne, ki ap fè fas ak yon miltitid pwoblèm, lè se pa wout yo ki pa bon, se gra...
08/30/2026

Yon popilasyon k ap soufri pandan plizyè lanne, ki ap fè fas ak yon miltitid pwoblèm, lè se pa wout yo ki pa bon, se grangou, lè se pa presyon bandi, se pwoblèm dlo. Nou te fè yon rive nan zòn gran bwa ki sitiye anba segen, lè w fin kite Fon Jan-Nwèl w ap monte, nou te konstate se ak anpil difikilte pou moun k ap viv nan zòn sa yo, sòti depi Fon Jan-Nwèl pou rive Gran bwa , jwenn dlo pou yo sèvi, sa ki fè genyen ki oblije desann nan yon zòn ki rele Latig pou y al pran dlo pou yo sèvi.

Mete sou sa, n ap gade eta wout moun yo ap fè trajè sa yo, se tèt chaje. Yon moto ap pote 6 a 7 doum dlo (doum ki konn gen lwil yo) nan yon wout ki gen kote menm 2 moto paka kwaze pandan nan dènye jou sa yo, nèg ki gen pouvwa yo, politisyen mafya nou yo ap fredone yon sèl chanson ki se ELEKSYON .

Nou t ap renmen konnen èske moun k ap viv nan zòn yo p ap gen pou wè ak eleksyon y ap pale a?
Nou ta renmen konnen èske moun ki nan zòn sa yo pa bezwen viv yon bon vi tou?
Pa gen wout, popilasyon an pan an sekirite ( nou jwenn yon sou komisarya depi peredo aprè se jis segen n pral jwenn yon lòt), pa gen manje, pa gen dlo, timoun yo paka al lekòl, se wè yo wè yo la men yo pa okouran si y ap viv vrèman epi kounya nou pwomèt yo eleksyon, pandan chaje pouvwa ki pase deja ki pa regle anyen pou yo.

Mesyedam, moun nou rele moun nan mòn yo bezwen viv byen, nou dwe ankadre yo, paske gen anpil bagay yo ka fè nan zòn sa yo tankou chou, pwawo, pèsi, kawòt elatriye. Men si lapli pa tonbe yo p ap jwenn dlo pou fè plantasyon yo, li pa bon konsa.

Otorite konsène yo, an n vire je gade popilasyon ki nan milye rekile yo, yo fè pati peyi a tou, yo bezwen viv tou, resous peyi a chita sou do yo yon kote tou lè n ap gade kòman yo gen enèji pou travay.

N ap denonse epi fè yon apèl ak Otorite yo pou pa kite moun nan zòn sa yo sèl, paske y ap bezwen sa anpil.



08/29/2026

KESYON JODIA A

Gade byen ekwasyon sa yo:

a × a = 49
a + b = 21
a + b ÷ 7 = ?

Pa prese bay repons! Fè demach la byen epi esplike kijan ou jwenn repons ou.

Mete repons ou ak demach ou nan kòmantè yo. Ann wè kiyès ki pi fò nan matematik! Radio Television CaraibesDavidson PierreSerge Junior FécuNaldo promoSonlaria MahotierePablo Mafreo HTMike Diy LabMarc Cenard NoncentWatson GTI ZO LE Spécimen

08/29/2026

Kijan nou leve maten an?

08/29/2026

MOUN MARIGOT, PEREDO, SAVAN DIBWA, FONJANWÈL, MAKARI, SEGEN, GRANTRIVYÈ AK KORAYSOU…

Èske nou pare pou eleksyon kap vini yo?

Èske nou pare pou nou pa pran gòl ankò?

Èske nou pare pou nou chwazi moun ki vrèman kapab al reprezante nou?

Èske nou pare pou poze kandida yo bon kestyon sou sa yo pral fè pou kominote nou yo?

Èske nou pare pou pini tout moun ki fè kominote a mal ?

Nou menm, nou kwè vwa pèp la dwe deside ! Se pa sèlman kandida ki dwe pale pandan eleksyon; pèp la dwe poze kestyon tou.

Si ou gen yon kestyon ou ta renmen poze yon kandida, ekri kestyon an anba pòs sa a epi mete non kandida ou vle kestyon an adrese a.

Mesaj la ap pase! 🎙️
Vwa pèp la ap tande! ✊🏾

Television CaraibesDavidson PierreSerge Junior Fécu@topfansNaldo promoHaïti Découverte MédiaPablo Mafreo HTEdwish RenéMarc Cenard Noncent

08/28/2026

Se konfime, 2 moun ki te genyen yo jwenn monnen pa yo a.
Randevou pou yon lòt seyans 🙏

SITIYASYON boulvèsan NAN PÒ MARIGOT: MACHANN YO AP TIRE SON KLÒCH ALÈT!Marigot 360 te fè yon vizit nan zòn pò Marigot la...
08/28/2026

SITIYASYON boulvèsan NAN PÒ MARIGOT: MACHANN YO AP TIRE SON KLÒCH ALÈT!

Marigot 360 te fè yon vizit nan zòn pò Marigot la kote nou te pale ak plizyè machann k ap fè sikui ant Ansapit ak Marigot.
Machann yo fè nou konnen gwo kalamite ak mizè y ap pase chak jou.

Kòm Marigot 360 se vwa ak je popilasyon an, nou konsidere li kòm yon devwa pou pote pawòl yo bay tout moun epi atire atansyon otorite konsène yo sou sitiyasyon sa a.

Machann yo denonse kantite lajan yo egzije yo peye pou anbake machandiz yo nan Ansapit, debake yo nan Marigot, ansanm ak lòt frè tankou SAMANA, konfiskasyon bato ak frè APN.

Pandanstan, bato k ap fabrike tri bó pa bò san okenn kontwòl serye kontinye sikile sou lanmè a. Sa deja lakòz plizyè nofraj kote machann yo pèdi tout machandiz yo ak tout kapital yo. Genyen ki pèdi lajan yo te genyen nan men yo, pandan lòt yo rete ak dèt labank sou do yo.

Sa ki pi grav la, se ke dapre machann yo, tout enstitisyon ki la sanble prezan sèlman lè pou pran lajan nan men yo. Men lè gen nofraj, lè yo pèdi tout sa yo genyen, lè lavi yo an danje, yo pa jwenn okenn sipò ni okenn pwoteksyon.

Nou mande otorite konsène yo voye je sou sitiyasyon grav sa a. Li lè pou gen plis kontwòl sou bato k ap sikile yo, plis sekirite pou moun ak machandiz yo, epi plis respè pou machann sa yo k ap lite chak jou pou fè lavi yo.

Marigot 360 ap kontinye pote vwa pèp la, paske lè popilasyon an ap soufri, nou pa ka fèmen je.

📢 PÒ MARIGOT BEZWEN ATANSYON. MACHANN YO BEZWEN PWOTEKSYONRadio Television CaraibesSerge Junior Fécu@topfansMarigot 360Davidson PierreDébat footballMauricio Bodler Morisset JacmelSonlaria MahotiereEdwish RenéHaïti Découverte Média@

08/28/2026

Football bosal ak Medjb Jbmed Dmejb
Se yo 2 a ki genyen
Kidonk, yo chak ap resevwa mwatye nan monnen an.

08/28/2026

Football bosal ak Medjb Jbmed Dmejb
Se 2 moun sa yo ki te jwenn rezilta match Barça vs ATB yè a. Men gen lòt bagay nou pral verifye si yo fè.

Address

New York, NY

Telephone

+13479878962

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Marigot 360 posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Museum

Send a message to Marigot 360:

Shortcuts

Share